-
Bannann Masok Lokal (≈ 5 Lbs)
Bannann masok lokal sa yo se yon varyete bannann ki gen plis lanmidon pase bannann miske. Yo soti dirèk nan jaden peyizan nan Nò ak Nòdès Ayiti, rekòlte fre pou garanti bon kalite ak bon konsèvasyon.
Yo konn itilize anpil pou fè labouyi pou tibebe, paske yo nourisan, fasil dijere, epi bay fòs. Yo bon tou pou bouyon pou moun ki malad, paske yo bay enèji san yo pa twò lou sou lestomak.
Se yon pwodwi tradisyonèl ki enpòtan nan alimantasyon fanmi ayisyen yo.
G200.00G250.0020% offBannann Masok Lokal (≈ 5 Lbs)
G200.00G250.0020% off
