-
Lam Lokal (≈ 2.5 Lbs)
Lam lokal sa a se yon fwi nourisan ki soti dirèk nan jaden peyizan nan nò Ayiti. Li rekòlte a bon moman pou garanti bon gou ak bon kalite. Lam se yon manje tradisyonèl ayisyen ki bay anpil enèji epi ki fasil pou prepare.
Li ka bouyi, boukannen, fri oswa itilize nan plizyè resèt lakay. Se yon bon opsyon pou fanmi k ap chèche manje lokal, natirèl, epi ki bay fòs. 🌿
G150.00G200.0025% offLam Lokal (≈ 2.5 Lbs)
G150.00G200.0025% off -
Manyòk Lokal (≈ 2 Lbs)
Manyòk lokal sa a soti dirèk nan jaden peyizan nan Dondon ak Oboy, de zòn ki renome pou bon kalite rasin yo. Li rekòlte fre, san pwodwi chimik, epi li bay yon teksti fèm ak yon gou natirèl ki pafè pou plizyè preparasyon tradisyonèl ayisyen.
Manyòk la ideyal pou bouyi, fri, fè kasav oswa farin manyòk. Se yon pwodwi lokal ki soutni agrikilti peyizan pandan li pote manje nourisan sou tab fanmi yo.
G200.00G220.009% offManyòk Lokal (≈ 2 Lbs)
G200.00G220.009% off -
Patat dous Lokal (5 Lbs)
Patat lokal sa yo se viv nourisan ki sòti dirèk nan jaden peyizan nan nò Ayiti. Yo rekòlte ak anpil swen pou garanti frechè, bon gou, ak bon kalite natirèl.
Patat gen yon gou dous natirèl, yon teksti mou apre kwit, epi li fasil pou prepare nan plizyè fason : bouyi, fri, griye oswa fè labouyi. Se yon manje tradisyonèl ki bay anpil enèji epi ki bon pou tout fanmi an.
G200.00G250.0020% offPatat dous Lokal (5 Lbs)
G200.00G250.0020% off -
Labapen Lokal (≈ 5 Lbs)
Labapen lokal se yon manje tradisyonèl ayisyen ki rekòlte dirèk nan jaden peyizan yo nan zòn riral Nò peyi a. Li gen yon chè fem, dous natirèlman, epi li bay anpil enèji.
Li ka bouyi oswa itilize nan plizyè resèt lokal. Labapen se yon altènativ natirèl ak nourisan olye diri oswa pen, epi li ede ankouraje konsomasyon manje lokal.
G300.00G350.00Labapen Lokal (≈ 5 Lbs)
G300.00G350.00



