Logo
0 sur 5

Rue 25 H Prolongée - PoD - Solèy Peyizan

Rue 25 H Prolongée – PoD – Solèy Peyizan se yon pwen distribisyon ki sèvi fanmi ak rezidan nan zòn Rue 25 H Prolongée ak katye vwazen yo nan vil Kap-Ayisyen, pou ofri manje lokal fre, bon kalite ak bon pri, dirèk nan men pwodiktè peyizan yo.

Avèk PoD sa a, ou pase kòmand ou sou platfòm Solèy Peyizan, epi ou vin resevwa pwodwi ou yo nan pwen distribisyon an, nan jou ak lè ki deja fikse. Tout pwodwi yo sòti dirèk nan ti pwodiktè nan Depatman Nò.

PoD Rue 25 H Prolongée la la pou :

  • manje lokal vin pi aksesib nan vil la,

  • diminye entèmedyè ak pri ki gonfle,

  • garanti trasabilite ak bon kalite pwodwi yo,

  • soutni travay ak revni peyizan yo.

Rue 25 H Prolongée – PoD – Solèy Peyizan, se yon fason senp, serye ak kolektif pou konsome lokal, manje miyò, epi kontribye nan devlopman ekonomi lokal.

Main Menu