Mon repos village - PoD - Plaine du Nord
Mon repos village, Pipo ville, Plaine du Nord, Haiti, HT4110, Haïti
-
Bannann Miske Lokal (≈ 5 Lbs)
Bannann miske lokal sa yo soti dirèk nan jaden peyizan nan Nò ak Nòdès Ayiti. Yo rekòlte fre, anvan yo twò mi, pou garanti bon kalite, bon teksti ak gou natirèl.
Bannann miske se youn nan manje tradisyonèl ki pi apresye nan kwizin ayisyen an. Li nourisan, bay enèji, epi li fasil pou prepare nan plizyè fason: bouyi, fri, peze oswa nan soup.
Se yon bon chwa pou fanmi k ap chèche manje lokal, natirèl, epi ki soti dirèk lakay pwodiktè peyizan yo.
G350.00G400.0013% offBannann Miske Lokal (≈ 5 Lbs)
G350.00G400.0013% off -
Lam Lokal (≈ 5 Lbs)
Lam lokal sa a se yon fwi nourisan ki soti dirèk nan jaden peyizan nan nò Ayiti. Li rekòlte a bon moman pou garanti bon gou ak bon kalite. Lam se yon manje tradisyonèl ayisyen ki bay anpil enèji epi ki fasil pou prepare.
Li ka bouyi, boukannen, fri oswa itilize nan plizyè resèt lakay. Se yon bon opsyon pou fanmi k ap chèche manje lokal, natirèl, epi ki bay fòs. 🌿
G150.00G200.0025% offLam Lokal (≈ 5 Lbs)
G150.00G200.0025% off -
Tayo Lokal (≈ 5 Lbs)
Tayo lokal sa yo se rasin tradisyonèl peyizan ayisyen yo rekòlte dirèkteman nan jaden nan zòn Dondon, Pilat ak Oboy, kote tè a rich epi klima a favorab pou pwodwi bon kalite tayo.
Yo gen yon teksti farinè apre kwit, yon gou dou natirèl, epi yo ideyal pou bouyon, soup joumou, oswa manje lakay ki bay fòs ak enèji. Rekòt la fèt san pwodwi chimik, sa ki garanti yon manje natirèl, fre, ak an sante pou fanmi ou.
G250.00G300.0017% offTayo Lokal (≈ 5 Lbs)
G250.00G300.0017% off -
Yanm lokal (≈ 5 Lbs)
Yanm lokal sa a se yon pwodwi agrikòl tradisyonèl ki soti dirèk nan jaden peyizan yo nan Pilat ak Oboy, nan depatman Nò a. Li rekòlte ak anpil swen, san pwodui chimik, pou garanti bon kalite, bon gou, ak bon valè nitrisyonèl.
Yanm se youn nan manje baz nan kwizin ayisyèn nan. Li bay anpil enèji, li fasil pou dijere, epi li bon pou tout fanmi an — soti nan timoun rive granmoun.
G200.00G250.0020% offYanm lokal (≈ 5 Lbs)
G200.00G250.0020% off





